Li te fèt nan Santiago Chili an 1950. A 19 lane li te antre nan etid Pedagoji an Alman nan Inivèsite Chili, jiska 1973. Twa ane pita, lavi l te frape pa arestasyon ak disparisyon papa l, ansyen lidè Nasyonal CUT e sou sekretè jeneral pati kominis nan klandestinite, Victor Manuel Díaz López. Evènman sa a make chemen Viviana, mete li nan yon desten pou pouswiv verite, jistis ak defans dwa moun. Se konsa, pandan ’70s yo ak’ 80s, li entegrel nan travay ke Asosyasyon Fanmi Prizonye disparèt (AFDD) tap reyalize yo, sou pwoteksyon Komite Pro Paz, e aprè Vicaría Solidaridad. Viviana te pataje ak fanm ki te viv menm menm sitiyasyon an e li te vin fè pati aksyon pwotestasyon piblik ke asosyasyon an te reyalize pou jwenn verite.
Apre li fin tounen nan peyi a nan moman demokrasi, Viviana Díaz kontinye patisipe nan aktivite AFDD yo, pou li kapab jwenn rekonesans disparisyon papa li. Aprè Sola Sierra fin mouri nan ane 1999, li te pran tèt Asosyasyon Fanmi ki te arete e disparèt yo jiska ane 2003.
An 2013 Viviana Díaz resevwa – pa INDH- Pri Nasyonal Dwa Moun. Depi 2013 li fè pati Konsèy konsiltatif INDH la.