Kreyasyon Enstiti a
Nan mond la ak rejyon an, nan dis (10) dènye ane yo nan majorite peyi yo, yo kreye kèk enstitisyon ki destine pou pwoteksyon ak edikasyon dwa moun. Nan Chili, kreyasyon INDH la te genyen nan kontni li konklizyon rapò Rettig (1991) nan objektif pou kreye yon kilti de respè nan sa ki gen pou wè ak dwa moun.
Se konsa INDH la fèt etanke yon espas ki wè, refleksyone e revize istwa peyi nou an nan yon objektif pou enstale dwa moun nan moman aktyèl la e pouse li avèk fòs poul ka rete pou tout tan.
Kèk Fè istorik yo
Pwojè lwa N° 20.405 ki kreye Enstiti Nasyonal Dwa Moun, antre nan kongrè a jou ki te 15 jen 2005, sou gouvènman ansyen Prezidan Ricardo Lagos la.
NOVANM
2009
Demach lejislatif li fini puiske veto adisyonèl prezidant repiblik la Michelle Bachelet te apwouve an novanm 2009 nan sena a, ki te oryante li anvè posibilite pou dediksyon plent konsènan zak ki se krim kont limanite, jenosid, Krim lagè, disparisyon fòse, tòti, trafik imigran.
24 NOVANM
2009
Madi 24 novanm 2009, nan Salon Montt Varas ki nan Palè la Moneda, Prezidant Bachelet dirije seremoni ki adopte Lwa 20.405, pou finalman ranpli dènye etap ki konvèti li an lwa inisyativ ki te vize kreye Enstiti Dwa Moun kòm yon kòporasyon otonòm ak pwòp patrimwàn li, ki gen aksyon yo sipèvize pa Kontwolè Contraloría de la Republica (kontwolè Repiblik la).
20 JIYÈ
2010
Jou ki te 20 jiyè 2010 la yo te reyalize seremoni konstititif INDH, kote Konsèy INDH la nan ane 2010-2013 te genyen ladanl Miguel Luis Amunátegui, Lorena Fries, Sergio Fuenzalida, Roberto Garretón, Claudio González, Enrique Nuñez, Pamela Pereira, Manuel Nuñez, María Luisa Sepúlveda, Luis Hermosilla y Eugenio Días. Yo te chwazi konseye Lorena Fries kòm Direktris INDH la.
JIYÈ
2011
Pamela Pereira kite Konsèy la, li te ranplase pa Carolina Carrera. Nan menm kontèks la- an Mas 2012- renonse…
Nan mwa jiyè 2011 Pamela Pereira kite konsèy la, li ranplase pa Carolina Carrera. Nan menm kontèks la nan mwa Mas 2012- Eugenio Días renonse nan Konsèy la, ki ranplase pa Jorge Contesse. Nan mwa mas 2013, Luis Hermosilla, kite òganis la, yo vin nome nan plas li, Carlos Frontaura.
2 JIYÈ
2013
2 jiyè 2013 yo vin konstitye Konsèy 2013-2016 ki gen ladanl Sebastián Donoso, Manuel Nuñez, Carolina Carrera, Carlos Frontaura, Roberto Garretón, Miguel Luis Amunátegui, Mario Fernández, Consuelo Contreras, Claudio González e José Aylwin.
Kòm Direktris INDH la yo chwazi Lorena Fries pa inanimite.
ME
2014
Mario Fernández renonse, li vin ranplase pa Sergio Micco.
PREMYE JIYÈ
2016
Lorena Fries fini dezyèm manda li etanke Direktris. An menm tan yo kanpe konseye sa yo nan fonksyon yo: Claudio González, Roberto Garretón, Carlos Frontaura ak Manuel Nuñez, ki vin ranplase- depi 4 jiyè 2016- pa Margarita Romero, Branislav Marelic, Debbie Guerra ak Eduardo Saffirio.
11 OKTÒB
2016
Sena a ratifye Carlos Frontaura kòm Konseye INDH pou peryòd 2016-2022.
PREMYE OUT
2016
Branislav Marelic Rokov te eli kòm Direktè INDH la, pou peryòd 2016-2019.
15 JANVYE
2018
Consuelo Contreras te eli kòm Direktris pou peryòd 2018-2019.
29 JIYÈ
2019
Sergio Micco te eli kòm Direktè pou peryòd 2019-2022.