KISA KI ENSTITI NASYONAL DWA MOUN NAN (INDH)?
Enstiti Nasyonal Dwa Moun (INDH) se yon òganis piblik ki te kreye pa Lwa No 20.405 ki destine pou ankouraje ak pwoteje dwa tout moun k ap viv nan Chili. Kontrèman ak lòt enstitisyon piblik, INDH la pa anba otorite pouvwa Egzekitif la (Prezidan Repiblik la), Lejislatif (Kongrè Nasyonal) oswa Jidisyè (Tribinal Jistis), e byenke li finanse ak lajan piblik, li otonòm e endepandan.
KISA INDH LA POUL FÈ?
Lwa N° 20.405 ki kreye INDH la ba li divès fonksyon, pami yo ki se:
- Sipòte konsepsyon ak aplikasyon enstans fòmasyon sou dwa moun nan tout nivo edikasyon, ki gen ladan pwosesis kapasitasyon ak fòmasyon pou fonksyonè piblik yo.
- Òganize aktivite ki oryante pwomosyon ak difizyon dwa moun, pami yo ou jwenn: Konkou Nasyonal Atizana ak Dwa Moun, Konkou pou ou rakonte tèz ou sou Dwa Moun, Prim Nasyonal Dwa Moun, elatriye.
- Prezante aksyon penal nan ka krim jenosid, krim kont limanite oswa lagè, tòti, disparisyon fòse, kontrebann imigran oswa trafik moun, tankou lòt kalite aksyon legal nan ka vyolasyon dwa moun.
- Reyalize misyon obsèvasyon nan sitiyasyon vyolasyon dwa. Pa egzanp, kontwole fonksyon polis la nan manifestasyon piblik ak komisarya; dwa moun ki prive de libète nan prizon; e yo vizite rejyon ak lokalite kote ki gen pwoblèm ki afekte dwa kominote yo.
- Swiv, analize e sipòte deba lejislatif la nan pwojè lwa ki gen rapò ak dwa moun.
- Prepare yon rapò chak ane sou sitiyasyon dwa moun nan peyi a, menm jan ak lòt etid ak envestigasyon tematik.
- Prezante rapò konplemantè sou dwa moun bay ògàn ki espesyalize nan Nasyonzini ak Òganizasyon Eta Ameriken (OEA).
- Prezève e konsève dosye ki te ranmase pa komisyon Valech I ak II ak ansyen Colonia Dignidad la (koloni Diyite).
- Adrese demann oryantasyon jiridik ak sosyal sitwayen yo, menm jan ak demann enfòmasyon nan zòn aksyon INDH la.
Kòman INDH la òganize?
Pou ranpli fonksyon li yo, INDH la òganize a travè 5 inite ki ranpli fonksyon sa yo:
- Inite etid ak Memwa, anchaje pou pwopoze kontni ki nan rapò anyèl la sou sitiyasyon Dwa Moun nan Chili, menm jan ak lòt rapò, rechèch ak estatistik enpòtan pou kontwole konfòmite ak respè dwa moun nan Chili.
- Inite Pwoteksyon Dwa, Lejislasyon ak Jistis, anchaje pou prepare pwopozisyon kap ankouraje amonizasyon ke lejislasyon nasyonal la, règleman ak pratik nasyonal yo amonize ak trete entènasyonal sou dwa moun. Anplis de sa, se li ki la pou kreye e egzekite yon pwotokòl jesyon pou defini aksyon legal yo, e kreye ak egzekite yon sistèm evalyasyon e swiv lejislasyon pwojè lwa yo.
- Inite administrasyon ak finans, anchaje pou reyalize devwa jesyon resous imèn yo, fizik, finansye ak enfòmatik nan Enstiti a, menm jan ak pwopoze direktè a fòmilasyon bidjè anyèl enstitisyon an.
- Inite Pwomosyon, edikasyon ak patisipasyon, anchaje pou aplike yon politik difizyon ak pwomosyon konesans dwa moun, pandan lap favorize ansèyman tout nivo sistèm edikasyon an, ki enkli fòmasyon kap bay anndan Fòs Lame a, Lòd ak sekirite piblik la, e ranfòse aksyon kapasitasyon nan dwa moun pou òganis ki nan Leta a.
- Inite Odit Entèn, anchaje pou pwopoze Konsèy la Plan Estratejik Odit ki pral detèmine liy jeneral ak pèmanan pou Odit Entèn, devlope rapò kontwòl kontab anyèl la pou ane anvan an, ak ekzamine ke aktivite enstitisyon yo devlope selon politik, plan ak pwogram ki apwouve e pwopoze mezi korektif ki nesesè nan inite ki enpòtan yo. Anplis de sa, li sèvi kòm yon inite kowòdinasyon ant INDH la ak Kontwolè Jeneral Repiblik la (Contraloría General de la República).
- Inite pou Moun, anchaje pou devlope ak egzekite yon politik sou resous imèn; aplike aksyon prevantif, korektif e swiv kontinyèlman pwosesis moun ki anchaje yo; fòmile pwopozisyon ki relasyone ak moun, e pwopoze, kreye, egzekite ak evalye enstriman ki oryante pou jenere pèfil konpetans direktwa ak fonksyonè yo.
- Inite Planifikasyon, kontwòl jesyon ak Tiks, anchaje pou prezante direktè a, pou apwouve konsèy la, li yak direktris estratejik enstiti a; jesyone ak kontwole Plan enstitisyonèl travay anyèl, pandan yap verifye konfòmite plan operatif yo, objektif jesyon ak planifikasyon enstitisyonèl, e kreye, aplike ak mentni yon sistèm kap amelyore kontinyèlman pwosesis enstitisyonèl yo.
- Syèj nan rejyon yo, anchaje pou elabore pwopozisyon rapò anyèl la nan sa ki gen pou wè ak rejyon li an e difize yo; kominike opinyon enstitisyonèl Leta a, nan rejyon a, sou sitiyasyon ki relasyone ak dwa moun kap dewoule nan tèritwa a; fè demann rapò ak òganis oubyen sèvis leta ki nan rejyon an sou sitiyasyon pratik oubyen zak ki gen relasyon ak dwa moun; pwopoze mezi pou favorize pwoteksyon ak pwomosyon, ak defini aksyon legal nan tèritwa ki gen relasyon ak konpetans li a.
KISA KI SANT DOKIMANTASYON INDH LA (CEDOC)?
Se yon Bibliyotèk ak aksè piblik ki espesyalize nan matyè dwa moun. Dispoze yon koleksyon bibliografik pou konsilte nan sal, ki genyen dokiman enstitisyon an, nasyonal ak entènasyonal yo. Orè yo resevwa moun se lendi a jedi de 10è nan maten pou 1è aprèmidi epi de 3è aprèmidi pou 6è ak vandredi de 10è am pou 1è pm e 3è pm pou 5è pm, pou vizite katalòg piblikasyon yo klike la. Konsa tou, CEDOC jesyone yon bibliyotèk digital ki pèmèt yo telechaje dokiman digital yo gratis, pou konsilte piblikasyon ki disponib yo Klike la.
KÒMAN MWEN KAPAB TRAVAY OUBYEN REYALIZE YON PRATIK PWOFESYONÈL NAN INDH?
Si ou vle travay oubyen fè yon pratik nan INDH, klike la pou revize si gen konkou oubyen konvokasyon.
KÒMAN MWEN KAPAB YON OBSÈVATÈ POU FONKSYON POLISYE NAN MANIFESTASYON PIBLIK YO?
Fonksyonè INDH yo reyalize misyon obsèvasyon pou fonksyon polisye nan manifestasyon piblik ak komisarya yo. Fonksyon saa rete eksklizivman sou responsabilite moun kap travay nan INDH la. Si ou vle ofri tèt ou kòm volontè pou “Obsèvatè Dwa Moun”, ou kapab kontakte òganizasyon ki entegre Rejis òganizasyon ki nan Enstiti Nasyonal Dwa Moun yo e ki la pou kontwole fonksyonnman polisye nan manifestasyon pliblik yo. Ou kapab enfòme sou òganizasyon saa siw klike la.
KISA SA VLE DI INDH SE YON ENSTITISYON ENDEPANDAN E OTONÒM?
Endepandans se baz kredinilite ak efikasite yon enstitisyon nasyonal dwa moun, sa garanti ke li pa afekte pa presyon oubyen enfliyans ki soti nan leta a. Pou ranpli de fason efektif fonksyon li yo, INDH jwi pwòp otonomi jiridik li, sa vle di, li gen pwòp pèsonalite jiridik li e li fòmile pwòp règleman entèn li yo; otonomi operasyonèl, ki pèmèt li etabli de fason endepandan priorite ak aktivite enstitisyon an; e otonomi bidjetè pou detèmine depans nan bidjè a ak patrimwán ki dispoze a. Otonomi, endepandans ak efikas INDH la rekonèt nan nivo entènasyonal, nan ane 2012 li jwenn akreditasyon etanke enstitisyon ki ranpli konplètman prensip Paris Nasyonzini yo, kritè ki etabli yon kad referans pou evalye fonksyònman ak efikasite enstitisyon nasyonal dwa moun nan pwogrè nan manda yo.
KIYÈS KI DIRIJE INDH?
Enstiti a dirije pa yon Konsèy ki responsab pou pran desizyon enstitisyonèl ki pi enpòtan yo. Konsèy sa a konpoze de 11 moun ki gen eksperyans rekonèt nan sa ki gen pou wè ak dwa moun ki nome pou yon peryòd de sis ane. Manm yo nan Konsèy la chwazi antre yo yon direkè pa majorite absoli, yon moun ki gen dedikasyon eksklizif e anchaje direksyon egzekitif, jesyon, administrasyon ak reprezantasyon legal enstitisyon an.
Aktyèlman, direktè INDH la se Sergio Micco Aguayo, eli pa majorite manm Konsèy la, jou ki te 29 jiyè 2019 la, pou yon peryòd de twa lane.Manm Konsèy yo se:
- Sebastián Donoso
- Debbie Guerra
- Salvador Millaleo
- Carlos Frontaura
- Eduardo Saffirio
- Cristián Pertuzé
- Margarita Romero
- Branislav Marelic
- Yerko Ljubetic
- Consuelo Contreras
Nan objektif pou garanti pliralis ak divèsite nan konpozisyon konsèy la, yo chwazi moun ki fè pati li yo nan fason saa:
- De (2) Konseye nome pa Prezidan Repiblik la e yo dwe soti nan rejyon diferan nan peyi a.
- De (2) konseye nome pa Sena a.
- De (2) Konseye nome pa chanm depite a.
- Yon konseye nome pa dwayen ki nan Fakilte dwa yo ki nan inivèsite kif è pati konsèy rektè ak inivèsite otonòm yo.
- Kat konseye eli pa òganizasyon kap defann dwa moun e ki nan rejis Enstiti Nasyonal Dwa moun yo.
NAN KI ORÈ YO RESEVWA PIBLIK NAN INDH LA?
Nan Rejyon Metwopoliten yo resevwa moun de fason prezansyèl jou lendi de 9:30 am pou 1:30 pm; jou madi pou rive jedi de 9:30 pou 1:30 pm nan Avenida Libertador Bernardo O’Higgins 1146 – Biwo 801- Nan Sant Santiago. Anplis, ou kapab ekri nou atravè fòmilè web Biwo enfòmasyon, plent ak sijesyon (OIRS) klike la oubyen rele nan telefòn +56 228878865.
Si ou vle gen enfòmasyon sou syèj INDH ki nan rejyon ou an, ou kabay klike la.
NAN KI KA INDH LA KAPAB KÒMANSE YON AKSYON LEGAL DEVAN TRIBINAL JISTIS YO?
Enstiti Nasyonal Dwa Moun nan gen fakilte pa Lalwa pou kòmanse aksyon penal kont evènman ki gen karaktè krim jenosid, krim kont limanite oswa lagè, tòti, disparisyon fòse kont moun, kontrebann imigran oswa trafik moun. Anplis de sa, INDH la gen pouvwa prezante aksyon legal (resous, resous pwoteksyon ak amicus curiae) nan ka anblematik nan vyolasyon Dwa Moun. INDH la pa gen pouvwa pou entèvni nan konfli ant moun.
POUKISA INDH LA OBSÈVE MANIFESTASYON PIBLIK?
Pandan manifestasyon yo, INDH asire ke Carabineros de Chile, etan ke yon enstitisyon Leta, akonpli travay li pou kenbe lòd piblik nan respekte dwa pou patisipan yo kapab manifeste, kèlkeswa si manifestasyon an te deja otorize ou non.
POUKISA INDH LA PA DEFANN DDHH MOUN KI FÈ PATI LAPOLIS LA OUBYEN FÒS LAME A?
An akò ak manda legal li yo, INDH la pa gen fakilte pou pwoteje dwa tout moun ki Chili kont aksyon leta a, ki gen ladan moun ki fè pati polis la ak Fòs Lame yo.
Si yon manm nan polis la oswa Fòs Lame yo konsidere ke kèk nan dwa yo ta vyole, kòm yon konsekans nan aksyon Eta a, INDH la ap resevwa ka li a e pwopoze li aksyon ki apwopriye yo.
Sepandan, INDH la pa gen fakilte pou aji fas komisyon krim komen yo.
Ki kote yon moun kapab genyen Oryantasyon oubyen reprezantasyon de yon avoka?
YON AVOKA KAPAB INDH KAPAB REPREZANTE MWEN JIDISYÈMAN?
Non, INDH pa ofri reprezantasyon jiridik.
SI M BEZWEN YON REPREZANTASYON LEGAL DE YON AVOKA, KI KOTE MWEN KAPAB ALE?
Ou kapab kontakte Kòporasyon Asistans Jidisyè a nan nimewo telefòn 600 440 2000 oswa nan telefòn selilè + 56 22 362 8200. Nan rejyon yo, ou ka kontakte Biwo Legal Kòporasyon Asistans Jidisyè a. Klike la pou plis enfòmasyon. Nan Rejyon Metwopoliten an, pou jwenn aksè nan reprezantasyon jidisyè nan ka vyolasyon dwa moun ak aksyon nan enterè piblik, ou ka kontakte Inite Dwa Moun nan Rejyon Metwopoliten Jidisyè Asistans Kòporasyon an, ki chita nan Agustinas 1419, dezyèm etaj, Santiago
Anplis de sa, ou ka mande konsèy legal nan klinik legal yo nan inivèsite sa yo. Alberto Hurtado, Inivèsite Andrés Bello, Inivèsite Bernardo O’Higgins, Inivèsite Silva Henríquez, Inivèsite Katolik, Inivèsite Santral, Inivèsite Chili, Inivèsite los Andes, Inivèsite Del desarrollo. Pou kontakte klinik legal sa yo, klike la.
Benefis reparasyon pou viktim ak fanmi vyolasyon dwa moun nan diktati
KIYÈS KI KAPAB GEN AKSÈ AK BENEFIS REPARASYON YO?
Apati de Lwa N° 19.123 ak amannman ki enkli nan Lwa No 19.980, fanmi viktim klase kòm moun yo te arete ki disparèt e egzekite politikman gen aksè ak benefis reparasyon, nan kad vyolasyon dwa moun nan peryòd ki soti nan 11 septanm 1973 a 10 mas 1990. Lwa No 19.234 sou Moun ki Egzonore Politik bay sekirite sosyal ak benefis sante bay moun ki egzonore pou rezon politik oswa zak otorite, nan peryòd ant 11 septanm 1973 ak 10 mas 1990. Lwa N° 19.992 sibvansyon pansyon reparasyon ak lòt benefis pou moun yo rekonèt kòm viktim pa Komisyon Nasyonal sou Prizon Politik ak Tòti epi ki endividyalize nan anèks “Lis Prizonye Politik ak Tòti yo”. Benefis sa yo pwolonje pou viktim ki kalifye nan sa yo rele komisyon Valech I ak II.
KI KOTE YO MANDE BENEFIS REPARASYON YO?
Livrezon benefis reparasyon yo te bay ak chak repatisyon nan leta a ki gen konpetans pou sa:
- Bon yo ak pansyon reparasyon yo mande nan Enstiti Sekirite Sosyal la. Pou plis enfòmasyon, klike la oswa rele nan 600 440 0040. Ou ka konsilte tou Biwo ChileAtiende ki pi pre lakay ou.
- Yo mande bous etid yo nan Ministè Edikasyon an. Klike la pou plis enfòmasyon.
- Demach benefis postilasyon pou lojman an fèt nan Ministè Lojman an (vivienda). Klike la pou plis enfòmasyon.
- Pou jwenn aksè nan swen sante gratis nan sistèm piblik la, ou dwe kontakte ekip PRAIS ki koresponn ak Sèvis Sante lakay ou a. Lis biwo PRAIS yo disponib isit.
- Pou egzante tèt yo de Sèvis Militè, fanmi benefisyè yo dwe fè demach la nan kanton Rekritman ki pi pre lakay yo. Klike la pou plis enfòmasyon.
Pou plis enfòmasyon, revize Benefis ti liv enfòmatif lalwa etabli pou viktim ak fanmi vyolasyon ki te fèt pandan diktati a.
MWEN KALIFYE KÒM BENEFISYÈ PA KOMISYON EPI MWEN PA KONN KÒMAN POUM MANDE PANSYON REPARASYON AN DEPI ALETRANJE.
Ou dwe antre nan lyen sa a atravè entènèt, epi ranpli fòmilè ki parèt la. Aprè, ou dwe pran fòm nan enprime mennen nan Konsila Chili a ansanm ak idantifikasyon ou, kote li pral otantifye pa konsil la oswa ofisyèl ki otorize epi aprè voye nan Dicoex pou voye nan Enstiti Sekirite Sosyal (IPS). Pwosedi sa a dwe fèt pa detantè benefis la an pèsòn nan konsila a oswa nan seksyon konsila ki nan Anbasad chilyen an, kote yo dwe siyen aplikasyon ki koresponn lan, menm si yo te deja antre nan li sou sit entènèt IPS la. Li itil tou pou moun kif è demand la bay yon nimewo telefòn, oswa de preferans yon imèl ki ajou, pou kontakte yo nan ka ta gen yon bezwen pou kowòdinasyon. Yon fwa dokiman an rive nan Chili, li voye li nan Enstiti Sekirite Sosyal (IPS), yon antite ap kontakte benefisyè a pou kowòdone metòd peman an. Tan yo estime a se twa mwa pou ou kòmanse resevwa benefis la, tout tan ke ou pa yon benefisyè nan yon pansyon ki pa kontribitè (PNC), nan ka sa a yo pral evalye opsyon respektif la.
KI KOTE MWEN KAPAB JWENN SÈTIFIKA ÁTISIPASYON PWOSESIS KALIFIKASYON KOMISYON RETTIG OUBYEN VALECH?
Si viktim nan oswa manm fanmi yo te bay temwayaj ak / oswa dokiman nan komisyon Valech I ak Valech II yo, men yo pa te kalifye, yo ka mande yon sètifika nan INDH pou pwouve patisipasyon yo nan enstans saa nan Enstiti Nasyonal pou Dwa Moun, klike la oswa rele nan +56 22 887 8650. Nan ka viktim ki kalifye pa Komisyon Valech I ak II, sous ofisyèl la se nominasyon ki kapab konsilte siw klike la. Pou rezon sa a, okenn ajans gouvènman pa ta dwe mande prèv adisyonèl. Si de tout fason yo egzijew dokiman saa, ou ka mande yon sètifika nan Enstiti Nasyonal Dwa Moun atravè fòmilè web ki nan Biwo Enfòmasyon, Reklamasyon ak Sijesyon (OIRS) klike isit oswa rele nan +56 22 887 8650. Si ou te bay dokiman yo pou Komisyon Rettig, ou ka mande yon sètifika ki akredite kalite patisipan nan enstans Pwogram Dwa Moun, lè w rele nan + 56 22 248 6350 oswa vizite biwo Pwogram yo ki twouve yo nan Agustinas 1235, 3yèm etaj, Santiago.
MWEN KAPAB BAY ANTESEDAN MWEN YO POUM KAPAB KALIFYE KÒM VIKTIM VYOLASYON DWA MOUN NAN MOMAN DIKTATI A?
Pwosesis kalifikasyon yo pa reyalizete nan Enstiti Nasyonal Dwa Moun. Aktyèlman li pa posib pou w kalifye pou benefis reparasyon yo, puiske komisyon ki kalifye yo fèmen. Dènye a te fèmen nan 2011 lè yo te pibliye lis moun ki klase kòm viktim prizon politik ak tòti yo. Jiska dat, pa gen okenn pwosesis nouvo yo te louvri.
KÒMAN MWEN KAPAB JWENN ENFÒMASYON OUBYEN ENFÒMASYON SOU DOSYE COLONIA DIGNIDAD YO?
Enstiti Nasyonal DWa Moun ap travay pou sistematize enfòmasyon ki genyen nan dosye ankèt “Asosyasyon Ilisit ansyen Colonia Dignidad” epi yo pral bay rezilta li yo piblikman lè li fini, konsènan dosye sa yo, enfòmasyon yo genyen yo pral delivre sou demann viktim yo oswa fanmi pwòch yo. Pou mande enfòmasyon sa a ou dwe antre nan fòmilè web ki nan Biwo Enfòmasyon, Reklamasyon ak Sijesyon, klike isit la.
KÒMAN MWEN KAPAB KONNEN SI MWEN TE KALIFYE KÒM BENEFISYE PA KOMISYON VALECH?
Pou tcheke si ou fè pati moun yo klase kòm viktim prizon politik ak tòti, ou ka klike la pou jwenn lis moun ki kalifye pa komisyon Valech I ak II yo.
MWEN SE YON MOUN KI TE KALIFYE KÒM EGZONORE POLITIK, KI KOTE MWEN KAPAB KONSILTE POU BENEFIS REPARASYON MWEN YO?
Pou mande enfòmasyon sou benefis ou yo, ou ka kontakte Biwo Moun ki Egzonere nan Pwogram Dwa Moun nan Ministè Enteryè a, ki chita nan Agustinas 1235, Piso 3, Santiago Chili. Ou kapab tou tcheke sit entènèt la, klike la oswa rele nan + 56 22 486 3506.
YO DEPOZE LAJAN PANSYON AN NAN NENPÒT BANK?
Enstiti Previzyon sosyal la (IPS) kapab depoze li nan nenpòt bank nan mond la, nan kont benefisyè a. Li enpòtan pou, nan ka moun ki chwazi pou yo depozel pou yo nan yon kont aletranje, voye kopi digital dokiman bankè oubyen sètifika bank kote li titilè kont la. Dokiman saa dwe genyen enfòmasyon sa yo:
- Non konplè titilè kont la.
- Non Bank la.
- Sikisal, ajans oubyen biwo bank la.
- Kòd Swift ki idantifye entènasyonalman chak Bank.
- Nimewo kont.
- Nimewo kont pou yo kapab fè transfè elektwonik fon yo, selon estanda entènasyonal.
Pou plis enfòmasyon sou lwa reparasyon yo, klike la oubyen rele nan telefòn 600 440 0040
KIBÒ MWEN KAPAB MANDE SÈTIFIKA KALIFIKASYON VALECH KE YON MANDE NAN KANTON REKRITMAN AN?
Pou verifye si moun nan te kalifye kòm viktim prizon politik ak tòti, sous ofisyèl yo se lis komisyon Valech I ak II ke yon kapab konsilte siw klike la. Pou rezon saa, okenn òganis leta p ata dwe mande yon dokiman adisyonèl. Si de tout fason yo egzijew kèk dokiman, ou kapab mande yon sètifika nan Enstiti Nasyonal Dwa Moun nan klike la oubyen rele nan nimewo saa + 56 22 887 8650.
MWEN KAPAB MANDE DOKIMAN YO BAY YO POU PWOSESIS KALIFIKASYON?
INDH prezève achiv yo nan komisyon Valech I ak Valech II Komisyon an, ki, pa lalwa, gen karaktè sekrè pou 50 ane, sepandan, nan bi pou yo avanse pou leta a ranpli obligasyon li nan garanti verite ak jistis, Konsèy INDH la deside delivre bay moun ki aplike yo – sa ki kalifye ak sa ki pa kalifye – tout dokiman ki genyen nan dosye travay yo, ki gen ladan yo sa ki te pwodwi pa komisyon yo, ak prekosyon pou pa vyole dwa moun ki viktim yo ak sila ki deklare yo.
Pou plis enfòmasyon sou fason ou kapab gen aksè ak dokiman Valech la klike la.
INDH KAPAB KÒMANSE AKSYON LEGAL POU DISPARISYON FÒSE OU TÒTI AJAN LETA YO FÈ PAN PERYÒD DIKTATI A?
Enstiti Nasyonal Dwa Moun kapab kòmanse aksyon kriminèl kont reyalite ki gen karaktè krim jenosid, krim kont limanite oswa lagè, tòti, disparisyon fòse moun, kontrebann imigran oswa trafik moun ki te fèt apre kreyasyon li an Desanm 2009. Pou sa nou sot di yo, INDH la pa ka pran aksyon legal nan ka vyolasyon Dwa Moun pandan diktati. Si ou se yon fanmi moun ki te disparèt oswa egzekite politik ki kalifye kòm viktim vyolasyon dwa moun pa Komisyon Nasyonal verite ak rekonsilyasyon e pa siksesè li ki se kòporasyon Reparasyon Nasyonal ak rekonsilyasyon, ou ka mande asistans legal nan Pwogram Dwa Moun ki nan Ministè enteryè a. Òganis saa gen fakilte pou egzèse tout aksyon legal ki nesesè pou ranpli fonksyon li, ki enkli prezantasyon Plent nan ka Kidnapin ou disparisyon fòse ak omisid oubyen egzekisyon. Pwogram nan twouve li nan Agustina 1235, etaj 3, Santiago, telefòn pou kontakte a se +56 22 486 3506.
Dwa moun ki nan prizon
KI DWA MOUN KI NAN PRIZON YO GENYEN?
Moun ki nan prizon yo, kit se kòm akize oswa kondane, konsève tout dwa fondamantal yo, eksepte pou moun ki pèdi kòm yon rezilta nan privasyon libète a. Moun ki prive de libète gen dwa pou yo pa sibi tòti oswa tretman mechanste, ki pa imen oswa ki degradan; sante; nan edikasyon; travay; nan rekreyasyon; nan yon tretman diy e san diskriminasyon; ak tout dwa ki gen egzèsis ki pa enkonpatib ak privasyon libète. Pou plis enfòmasyon, revize kat enfòmatif la “dwa moun ki nan prizon yo”.
SI MWEN SE ETRANJE E MWEN KÒM AKIZE ÈSKE MWEN GEN DWA AK YON AVOKA?
Wi, etranje yo gen dwa defans menm jan ak chilyen yo. Nan ka ke ou ta bezwen sa, Defansè Penal Piblik la (Defensoría Penal Público) ap ba ou yon avoka defansè pou asiste ou jiridikman nan pwosesis penal ak ekstradisyon yo, menm jan ak nan pwosesis ekspilsyon ak abandon peyi a, lè yo se konsekans yon pwosesis penal. Pou kontakte biwo Defensoría Penal ki pi prè a, klike la.
KÒMAN FANM KI NAN PRIZON YO DWE TRETE?
Fanm ki nan prizon yo gen menm dwa ak rès moun ki nan prizon yo. Puiske fanm yo an minorite pami moun ki nan prizon yo, yo se yon gwoup ki patikilyèman vilnerab, pou sa, yo dwe fè an sòt ke anyen pa pase dwa yo ak nesesite yo anba pye. Fanm ki nan prizon yo dwe nan yon espas separe de lòt yo e yo dwe kontwole e anrejistre eksklizivman pa fonksyonè fanm. Konsa tou, yo dwe gen aksè ak pwogram edikasyon, fòmasyon ak kapasitasyon, menm jan ak, genyen sifizamman nivo fleksibilite ak moun ki ansent yo, manman kap bay tete yo ak sa ki ak timoun yo; dwe gen enfrastrikti, sèvis ak pwogram ki apwopriye pou moun sa yo. Kote ki gen Inite penal Miks yo, seksyon fanm yo dwe gen yon fonksyonè fanm ki responsab yo e fonksyonè gason an antre nan seksyon saa akonpanye de yon fonksyonè fanm, nano ken ka li pap ka antre san fonksyonè fanm nan. Nan etablisman miks yo, seksyon fanm yo sou direksyon yon fonksyonè fanm ki responsab, kap gen sou responsabilite li tout kle seksyon saa ki nan etablisman an. Pou plis enfòmasyon klike la.
MWEN GEN GWA AK YON DEFANS GRATIS PA YON AVOKA SI MWEN KONDANE NAN PRIZON?
Wi. Defans penitansyè Penal Piblik la gen pou objektif defann moun adilt ki kondane sou refòm pwosedi penal ki nan prizon nan kèk etablisman penal kap administre pa Jandamri Chili (Gendarmería de Chile). Sèvis defans prizon an kòmanse soti depi nan akonplisman kondanasyon an jiska ekzekisyon konplè li. Objektif la se pwoteje enterè, garanti ak dwa moun ki kondane a. Biwo Defansè Piblik la ka ba ou konsèy nan sitiyasyon sa yo:
- Pèmi pou soti ( dominikal, wikenn, chak jou).
- Libète kondisyonèl.
- Rediksyon tan kondanasyon an ( “Mwa pa ane”).
- Bon pou prizon prevantif.
- Inifikasyon pèn ( “ Anglobman”).
- Tranpòte anndan ou deyò peyi a.
- Reklamasyon pou pinisyon.
- Asistans medsen.
Pou kontakte biwo ki pi prè Defans Penal la, klike la.
ESKE LI AKSEPTAB POU MOUN KI NAN PRIZON YO SIBI MOVE TRETMAN AK PINISYON?
No, dwa moun ki nan prizon yo dwe respekte. Tòti oubyen tretman kriyèl, inimen oubyen degradan yo entèdi e yo pa admèt eksepsyon. Tòti se yon zak ki reyalize entansyonèlman pa fonksyonè leta ki koz sevè soufrans fizik ou mantal, e ki komèt nan objektif pou entimide, pini ou nenpòt lòt objektif. Fonksyonè Jandamri yo, nan pwosesis arestasyon oubyen mete moun nan prizon, li pa gen dwa legal ki pèmèt li bat menase oubyen ofanse moun ki nan prizon an. Sila yo ki reyalize kondwit sa yo ap komèt yon deli ki dwe envestige e sanksyone pa leta. Nan menm sans la, fèmen moun nan nan yon selil izole dwe elimine kòm sanksyon disiplinè.
KISA KAP PASE AK FANM KI GEN PITIT KI ANNDAN ETABLISMAN PENITANSYÈ YO?
Sou prensip pwoteksyon ak pwomosyon dwa timoun, leta fasilite kondisyon pou mentni kontak ant manman ki nan prizon yo ak timoun yo, konsideran ke se relasyon afektif fondamantal pou devlopman timoun yo pandan premye ane yap viv yo.
Konsa, nan etablisman penitansyè fanm yo dwe egziste espas ak kondisyon pou resevwa timoun ki gen mwens ke 2 lane yo. Nan espas kote sant sa yo pa egziste, fanm ki nan prizon yo ap ret nan espas separe avek lòt yo, pandan ke li ka patisipe nan aktivite yo ansanm ak lòt moun ki nan prizon yo (fi kòm gason). Fòk nou diw tou, pou yon timoun al viv nan prizon ak manman li, sa dwe youn nan dènye resous ki genyen, ki evalye ka aprè ka e ki santre sou favorize enterè timoun nan.