
Kiyès Nou Ye
Kiyès Nou Ye
Enstiti Nasyon Dwa Moun (INDH) se yon kòporasyon otonòm ak dwa piblik ki te kreye pa Lwa N° 20.405 ki gen kòm objektif pou ankouraje ak pwoteje dwazimen tout moun kap viv Chili, ki establi nan nòm konstitisyonèl e legal; nan trete entènasyonal yo ki enskri e ratifye pa Chili e ki ajou, menm jan ak prensip general dwa yo, ki rekonèt pa kominote entènasyonal la.
Ki diferan ak lòt enstitisyon piblik yo, INDH pa sou otorite pouvwa egzekitif la (Prezidan Repiblik la), Lejislatif la (Kongrè Nasyonal) oubyen Jidisyè (Tribinal Jistis yo), e menm si li finansye ak fon piblik, li otonòm e endepandan.
Direksyon Siperyè Enstiti a
Enstiti a dirije pa yon konsèy ki anchaje pou pran desizyon enstitisyonèl ki pi enpòtan yo. Konsèy saa genyen 11 moun ki gen yon trajektwa rekoni nan domè dwazimen, entegran sa yo nome pou yon peryòd de 6 lane. Moun kif è pati Konsèy la chwazi yon direktè pa majorite absoli, ki gen dedikasyon eksklizif e li anchaje direksyon egzekitif, jesyon, administrasyon ak reprezantasyon legal enstitisyon an.
Nan objektif pou garanti divèsite nan konpozisyon konsèy la, moun ki ladann yo ap chwazi nan fason saa:
- · De (2) konseye nome pa Prezidan Repiblik la, ki dwe soti nan diferan rejyon nan peyi a.
- · De (2) konseye nome pa Sena a.
- · Yon konseye nome pa dwayen fakilte dwa Inivèsite ki entegre Konsèy rektè yo ak Inivèsite otonòm yo.
- · Kat konseye nome nan fason estati yo etabli a, pa enstitisyon ki relasyone ak defans e pwomosyon dwa moun ki genyen pèsonalite jiridik ki ajou, ki enskri nan Rejis Enstiti a genyen an.
Konsèy Konsiltativ Nasyonal
Konsèy Konsiltatif la se yon ògàn ki la pou oryante Konsèy INDH la nan tout sa ki gen pou wè ak konpetans li, pou yon meyè solisyon, nan sa ki gen pou wè ak sosyete sivil la. Nan li genyen reprezantan òganis sosyal ak akademik ki la pou pwomosyon ak defans dwazimen ak libète fondamantal yo.
Yon règleman entèn, apwouve pa de tyè (2/3) konsèy la, etabli moun kap entegre li yo e detèmine ka yo ak fason yo Oryante Konsèy la.
Direktè
- · Consuelo Contreras Largo
Konsèy
- · Juan Carlos Cayo Rivera, designado por el Presidente de la República Gabriel Boric
- · Consuelo Contreras Largo, elegida por el Registro de Organizaciones de la Sociedad Civil del INDH
- · Beatriz Corbo Atria, designada por el Senado de la República
- · Ignacio Covarrubias Cuevas, designado por los decanos/as y directores/as de facultades de Derecho de las universidades del Consejo de Rectores y de universidades autónomas
- · Sebastián Donoso Rodríguez, designado por el Presidente de la República Sebastián Piñera
- · Haydee Oberreuter Umazabal, elegida por el Registro de Organizaciones de la Sociedad Civil del INDH
- · Cristian Pertuzé Fariña, designado por la Cámara de Diputados
- · Paula Salvo del Canto, designada por la Cámara de Diputados
- · Alejandrina Tobar Vásquez, elegida por el Registro de Organizaciones de la Sociedad Civil del INDH
- · Constanza Valdés Contreras, elegida por el Registro de Organizaciones de la Sociedad Civil del INDH
- · Lieta Vivaldi Macho, designada por el Senado de la República
Konsèy Konsiltativ
- · Ricardo Brodsky Baudet
- · Constanza del Río Moreno
- · Pierina Ferretti Fernández
- · Carlos Frontaura Rivera
- · Cristián Galaz García
- · Elizabeth Lira Kornfeld
- · Ignacia Oyarzún Golzzio
- · Patricia Pérez Goldberg
- · Elizabeth Andrade Huaringa (Premio Nacional de Derechos Humanos 2022)
- · María Soledad Cisternas (Premio Nacional de Derechos Humanos 2014)
- · Viviana Díaz (Premio Nacional de Derechos Humanos 2013)
- · Claudio González Urbina (Premio Nacional de Derechos Humanos 2024