
Kòman ou kapab fè pati Rejis la?
Kòman ou kapab fè pati Rejis Enstitisyon ki gen relasyon ak defans e pwomosyon Dwa moun yo.
Nan dat 28 jen 2013, yo te dikte Rezolisyon Ex.215 (telechaje li la), kote yo te apwouve tèks règleman ak fonksyònman Rejis Enstitisyon ki relasyone ak defans e pwomosyon dwa moun yo, ki etabli pwosedi enskripsyon antite ki gen relasyon ak dwa moun yo, ki vle patisipe nan eleksyon kat (4) nan konseye yo kap fè pati Konsèy Enstiti Nasyonal Dwa Moun (INDH), daprè Art.6°, lèt e) ki etabli nan lwa 20.405.
Kòman òganizasyon mwen an kapab entegre Rejis Enstitisyon ki relasyon avèk Defans e Pwomosyon Dwa Moun?
Entitisyon ki ranpli kondisyon sa yo kapab enskri nan Rejis la:- a). Genyen pèsonalite jiridik ki ajou e ki gen 1 an depi kreyasyon li.
- b). Gen relasyon ak defans ak pwomosyon dwa moun. Yap akredite verite saa, si nan stati òganik enstitisyon li siyale oubyen li manifeste ke objektif prensipal la se defans ak pwomosyon dwa moun, nan tèm ki etabli nan Lwa 20.405, moun ki ap viv nan tèritwa chilyen an.
Enskripsyon an gratis?
Entegrasyon Rejis la gratis e enstitisyon ki enterese yo dwe prezante yon demand pa ekri, ki dwe akonpanye ak dokiman sa yo:- i. Sètifika pèsonalite jiridik ki ajou, ki gen yon antikite kip a enferyè a 30 jou.
- ii. Kopi otorize estati Enstitisyon an ki ajou.
- iii. Lis Manm Direktwa Enstitisyon an ak idantifikasyon reprezantan legal la si li genyen.
- iv. Antesedan Enstitisyon an ak reprezantan legal la, dwe gen yon kopi senp kat idantite, telefòn, adrès, imèl yo tou de.